Mizik Semèn nan (Jen I): Manipulation – Wendy, Toby
“Manipulation” se yon mizik ki fèt pa 2 rapè Wendy ak Toby . Mizik sa se yon mizik 3 verses ki gen 24 bars san refren ki pwodi pa Traka Music Group ki dire 5:33 . Mizik sa pale de yon Istwa kote nèg yo rankontre menm fanm nan sou Entènet epi fanm nan jwe yo. Li komanse avek yon diskisyon kote Toby ap mande Wendy Kotel jwenn Foto madann li. Wendy reponn se Foto yon fi li fenk genyen . Diskisyon sa reprezante intro Mizik la . Premye verse la se yon dekripsyon ToBy fè pou l rakonte koman l rankontre e montre ki jan l damou avèk Fanm nan.
”Pa Konn Depi Kilè w konnen l men lew ap Koy*en l li pap pa site Nonm
Li pap Pa Diw M se Nonm ki fè l we Paradi. M se Nonm
Ki Pap Pa di se Nonm li” Ekstrè de Premye Verse Toby a
Anpil “Jeu de Mots”, Anpil “Alliteration” ,Anpil “Assonance” , Anpil Punchline, se nan fason sa yo Toby te exprime l nan yon verse ki rich ak anpil lòt “Figures de Style”. Se yonn nan mizik kote nou jwenn Toby Jwe sou beat la. Se Komsi w santi gen yon vrè amoni ant melodi beat la ak Pawòl atis la.
Anvan dezyèm Verse la komanse, pa gen refren men jis gen yon kontinite nan diskisyon an ki te fè intro a. koulye se tou pa Wendy Pou l Antre nan Dezyèm verse la. Ann swiv yon Ekstrè :
“ Li Pibliye yon foto m Fon Click m met J’aime
M te anvi Speak kòm m son star m gen yon Gène
M wèl vle fè m tounen Groopie donk m fè ide pou m block li
Li Pibliye yon lòt, fwa sa m pa ka kenbe m poke li” Wendy nan 2e Verse la.
Anpil bèl deskripsyon, anpil imaj ki vann bote fanm lakay nou yo , an gwo atis yo ekspoze richès ki genyen nan fanm Kreyol nou yo. Anpil pwezi anpil bèl pawòl , nou jwenn yon Wendy nan nivo Konpetans li.
3e verse la se yon antre soti jan yo di nan langaj rapè yo kote Toby Komanse epi Wendy ba l replik la preske chak 2 bars sou yon verse de 16bars rap plis 8 bars pawol ki plen Punch ak Epis pou Fe verse la pi bel. Pami yo nou jwen:
“ Ebyen G (Dji) sa Nap fè, nou pa ka Gen yon Bòb*T pou 2
Epi mwen pap al nan Beef ( bif) avew pou yon Bòb*t Boude” ( Wendy voice)
Se Swa l chwazi w oubyen l chwazi m oubyen Bòb*t nou l ye” ( Toby Voice)
Sak pi bèl nan istwa a se lè fanm nan di l pa renmen gason, Ou Menm ki te nan plas atis sa yo sa w tap fè ?
Siw pa Ko dekouvril Al dekouvri mizik sa nan link sa http://dynastyhaiti.com/manipulation-toby-ft-wendyyy-traka/ se yon mizik ki mande Atansyon , Ann dekouvri l.